" EXCESS LOVE "
EKRI : PA FADELĂNE AUGUSTIN
TĂKS : JUILLET 2021
EMAIL : [email protected]
EPIZĂD : 1
đđđđđđđđđđđđđđđ
Dousman , Marie-Magdala ouvri zye l . Li pran gade alantou l ap chèche konnen ki kote l ye egzakteman . Florence wè sa , li avanse pi pre kabann nan ak bebe a nan men l .
SCĂNE 1 : FLORENCE/MARIE-MAGDALA
FLORENCE(souri) : Ou anfòm kòkòt ?
MARIE-MAGDALA(pase men l sou vant li ak epwizman) : M fatige Flo , m santi yon tèrib doulè anba vant mwen .
FLORENCE : Se nòmal Mama , ou sot bay yon ti anj lavi .
MARIE-MAGDALA(vire tèt li lot bò ak mepri) : Pou ou l se yon anj men pou mwen l se yon malediksyon , akoz de li m pèdi Philippe , akoz de li m lage de bra balanse .
FLORENCE : M konn sa w ap andire Mama e m pataje pèn ou men sa pa vle di w lage pou kont ou , mwen la e m pwomèt ou m ap toujou la pou ou .
MARIE-MAGDALA : Pito w fè silans , si w te nan plas mwen w t ap konprann .
FLORENCE(gade l nan mitan zye) : M pa p fè silans tout tan w pa sispann plenyen Mama , ou se ti sè m e m te pale w . Mwen te di w Philippe pa t nonm ideyal la , èske w te tande m ? Sou twa mwa renmen , m te al bare l avèk pwòp zanmi w lakay Pedro a . Ăske w te kwè nan mwen ? Olye de sa , ou te pito antre pi fon anba vant li . Kounya w ap sibi konsekans la , asime l .
MARIE-MAGDALA(ak yon vwa anwe) : Wi , m ap asime l paske se mwen k te chèche l men se pa pwoblèm pa w Flo . M damou Philippe ! Vle l ou pa , abandone m ou pa . Se avè l pou m fè vi m , lanmou m pou li enkondisyonèl .
FLORENCE(leve ak bebe a nan men l byen kalm) : Hummm , Hummm , Hummm ! Si sèlman Philippe te panse tankou w .
Li fin di sa , li gade bebe a l souri .
FLORENCE : Kounya l fin fèt , m ap raple w se etap ki pi difisil la w pral simonte .
MARIE-MAGDALA(ak yon rega sou kote) : De ki etap w ap pale ? Etap ki pi difisil pou m tounen ak Philippe la ?
FLORENCE(santi l nève) : Franchman ! Ou gen yon lanmou sanwont ! Pito m soti .
Li kite sal la ak bebe a , Marie-Magdala fè yon soupi . Philippe chita bò pisin lakay li ap pran plezi l ak kèk zanmi l , y ap bay blag , kage byè san kontwòl . Pedro apèn parèt , li pa t la .
SCĂNE 2 : PEDRO/PHILIPPE
PEDRO(chita sou yon chèz vid) : Sa k ap fèt patnè ?
PHILIPPE : Ah ! Ou konnen , n ap gade san pran .
PEDRO : Gade san pran w di wi ? Ou kwè se nan bouch Philippe pa m nan pawòl sa soti ?
PHILIPPE : Depi m di w man ! Kòman w wè lari a ?
PEDRO : Comme toujours sof ke m aprann youn nan nana w yo akouche jodya .
PHILIPPE : De ki nana w ap pale ? M pa t gen moun ansent pou mwen non .
PEDRO(byen sispèk) : Ou kwè nan sa w di a Philippe ? E sa k te gen Magdala nan non l ...
PHILIPPE(pa menm tann li fin pale) : Pa vin pale de tifi sa la !
PEDRO(laji men l) : Men se mennaj ou l ye.
PHILIPPE(byen dwòl) : Mennaj mwen ? Si yo ta di w al chèche yon fanm pot bay Philippe , se sa w t ap al chèche ?
PEDRO : Jan w pale a , se kòmsi w te vle di manzè pa fanm ?
PHILIPPE : Li ka fanm pou ou , pou yon lòt moun , sa pa yon pwoblèm men asosye m avèk yon tèl bordel parèt ensiltan .
PEDRO : Poutan lè w t ap manje bonbon l lan , li te fanm ?
PHILIPPE(santi l agase) : Si w pa t vin regle anyen serye isi a , m panse l t ap pi bon pou w al fè wout ou wi .
PEDRO(etone) : Konsa w mete m deyò , se bon pou mwen .
PHILIPPE : Se ou ki chèche l .
PEDRO : M swete w pa regrèt apre .
PHILIPPE : M pa gen anyen pou m regrèt.
PEDRO : M swete sa !
Li leve ale , Philippe pa di anyen li kontinye fè sa l t ap fè a . Pedro pa antre lakay li dirèk , li pase lopital la pou l al wè Marie-Magdala . Lè l rive , li jwenn Florence chita sou lakou a ak bebe a nan men l . Li avanse pou l salye l .
SCĂNE 3 : FLORENCE/PEDRO
PEDRO(souri) : Salut Flo .
FLORENCE(mare min li) : Sa w vin fè la ? Ou vin pran nouvèl pou w pote bay parèy ou yo ?
PEDRO : Men non , quel idÊe ? M pa jan w panse a Flo . M te jis pase wè kòman Magdala ye .
FLORENCE(byen move) : Ebyen mèsi pou vizit la , okay ! Li byen , li fè yon ti fi . Kisa w te bezwen konnen ankò ?
PEDRO(wont) : M pa kwè w te oblije pale lèd avè m konsa non , se jis yon ti vizit m te ...
FLORENCE(kouri devanse l) : Pou w ka jwenn nouvèl pot bay malandren parèy ou a .
PEDRO : Sa w panse de mwen an se pa sa , m pa yon tripotay ni yon trèt makiye .
FLORENCE : Sa se pwoblèm pa w men m garanti w okenn moun pa p al deranje Marie-Magdala anndan an la .
PEDRO : Oke , oke ! M ap di w sa m te gen pou m di l la wa bay nouvèl la pou mwen .
FLORENCE : Sof si se yon nouvèl ki nesesè pou m bay .
PEDRO(chita bò kote l) : M te deside vin la apre m te soti kay Philippe la ...
FLORENCE(replike byen rapid) : Oke , oke m konprann ! Kidonk se Philippe ki voye w sou do pye ti dezespere a pou w vin manipile l , pa vre ?
PEDRO(santi l dezapwenti) : M pa jan w panse a Flo , m te jis vin la pou m ede l okipe timoun nan . M vle adopte l byen ke Philippe nye l , m te vle pran responsabilite a antanke père .
FLORENCE(gade l anba pou monte) : M ap poze w twa kesyon .
PEDRO : Zòrèy mwen la pou tande w Flo .
FLORENCE : Depi kilè w te bon moun konsa jis pou w ta bezwen okipe pitit yon ti restavèk jan zanmi w lan te di l la ? Ăske m te ba w otorizasyon pou w chita kote w chita a ?
PEDRO(wont) : Dezole Flo .
FLORENCE : Ăske si w te gen nen nan figi w , ou pa t ap wont met pye w isi a ? Sa k di w nou pa t ka pran responsabilite nou ? Pa t gen moun ki te rele w ni nou pa bezwen èd nan men w , se menm nou menm nan sa . Ou vin pwofite ti rès la sou pretèks ou vle adopte pitit , kou sa pa p pase .
PEDRO : Dezole Flo , ann bay diskisyon sa vag .
Li leve pou l ale .
FLORENCE(byen dwòl) : Wa salye magouyè parèy ou a pou mwen .
Pedro pa menm gade l , li kontinye wout li byen wont . Rive lakay li , li jwenn manman l chita nan salon an . Li salye l pwi l tou antre nan chanm li . Li lage kò l sou kabann nan tou dezole .
SCĂNE 4 : PEDRO
PEDRO(ap pale pou kò l) : Kisa k te pran w Pedro ? Ki foli w te genyen ? Sa k te voye w lòt bò a ? Se bon pou ou !
Li leve , li rale yon òdinatè ki te genyen kote l la . Li frape l nan mi an ak raj .
PEDRO : Se bon pou ou , nèg sòt !
Manman an tande bri a , li kouri antre . Li jwenn Pedro chita ak tèt li nan de men l .
SCĂNE 5 : PEDRO/MANMAN PEDRO
MANMAN PEDRO(avanse dousman) : Pedrito ?
PEDRO(ak yon vwa ki apèn soti) : Wi man .
MANMAN PEDRO : Ou anfòm ?
PEDRO : Wi , wi w pa bezwen enkyete w .
MANMAN PEDRO(gade laptop la ki divize an de atè a) : Epi w ap aji bizaman konsa ? E laptop sa ki atè a ?
PEDRO : M pa sou pale nan moman an la manman , kite pale anpil ou a pou yon lòt lè .
MANMAN PEDRO : Non , non fò m konn sa w genyen . Sa poko gen yon bon ti tan w di m w al kay Philippe , ou antre ak yon konpòtman biza . Leve bagay frape atè w ap di m pa pale anpil ? Di m sa w genyen pou m konn sa pou m fè ?
PEDRO(leve tèt li dousman) : M di w m pa gen anyen mom , m sou emosyon .
MANMAN PEDRO : Depi w di m men w pa p kite debri laptop sa la non .
Pedro pa di anyen , li retounen chita nan menm pozisyon l te ye a . Nan lopital la , Florence rakonte Marie-Magdala tout bagay .
SCĂNE 6 : FLORENCE/MARIE-MAGDALA
FLORENCE(mare min li tou piti) : M vle w mefye w de ti msye sa yo Mama , m pa vle w refè menm erè a .
MARIE-MAGDALA(gade l) : Sanble w pi renmen vi m pase m ? Pouki w pa t kite l antre pou m konn sa pou l di m ? Petèt li ta fè m antre an kontak ak Philippe ?
FLORENCE : Depi w ouvè bouch ou pou w pale se Philippe , Philippe si l te ba w tout enpòtans sa w ta fè pi mal . Sanble se nan asile m pral mete w paske m wè w pèdi tèt ou .
MARIE-MAGDALA : Se paske w pa konn anyen nan lanmou ki fè w ka pale konsa , ou pa wè tout gason pè w ? Ou gen 25 ans w poko ka jwenn yon bon nèg ret avè w , sa k fè sa ? Okipe w de vi pa w pito .
FLORENCE(santi l blese e nève anmenmtan) : Se bon pou zòrèy mwen paske se mwen k toujou ap enkyete pou ou , ou gen pou w vin mande m padon tande e lè sa l ap twò ta pou ou .
MARIE-MAGDALA : Vin mande w padon pandan se ou k te fòse m fè ti tchovi sa m wè nan men w lan ? Ou panse si m te okipe Philippe , m te jete l nou pa t ap ansanm toujou ? M pa bezwen okenn konsèy nan men w paske se ou ki prensipal sous malè m , si m te okipe Philippe nou t ap gentan byen lwen .
FLORENCE : Ou te ka toujou okipe Philippe ou a wi dayè w pa yon wobo , se pa tout sa moun di w pou w fè . Ou te gen chwa pou w tande m oubyen tande Philippe ou a .
MARIE-MAGDALA : Ou te banm posibilite pou m fè yon chwa ? M kwè se pa w yo ki te pi bon ? M kwè se sa w vle pou moun fè ?
FLORENCE(gade l) : Bebe a fin fèt , ou ka toujou al jwenn Philippe ou a .
MARIE-MAGDALA : Se sa m t ap toujou fè wi e m prè pou m pèdi vi m si se sa k nesesè pou m retounen avèk Philippe .
Florence pa di anyen , li retounen al chita deyò a . Kòm akouchman an te pase nòmalman , yo voye Marie-Magdala ale . Li pa menm antre lakay li , li pran wout pou l al kay Philippe .















