EKRI PA : FADELĂNE AUGUSTIN
đđđđđđđđđđđđđđđ
Philippe chita nan salon an ak Barbie zuzu a ap pran plezi l , fi sa tèlman renmen al kay Philippe anpil moun panse se la l rete .
SCĂNE 1 : BARBIE ZUZU A/PHILIPPE
BARBIE ZUZU A(ak yon vè Shampagne nan men l ap siwote) : M tande w ap òganize yon joune lanmè .
PHILIPPE : Se pa mwen k ap òganize l men se mwen ki chwazi plaj la .
BARBIE ZUZU A : Epi w pa t di m sa ?
PHILIPPE : M pot ko jwenn moman ideyal la .
BARBIE ZUZU A : Avè m pou w pase joune a wi .
PHILIPPE(gade l) : Kòmansa ?
BARBIE ZUZU A : M ap akonpanye w men se bò kote m pou w rete .
PHILIPPE : M pa timoun piti epi joune a se jis pou n relaks , m pa wè pouki m pral oblije chita yon sèl kote ap gade lòt moun yo k ap pran plezi yo non .
BARBIE ZUZU A(t ap leve vè a met nan bouch li , li tou pa fè sa ankò) : Sa vle di si w pati avè m se yon kote w pral chita ? (leve kanpe) gade m byen Philippe ! Ăske w wè m sanble avèk ti restavèk ki te vin fè chyen nan pye w la ? Dayè m son fanm ki gen cham e m trè klasik , ou ta dwe fyè paske se mwen ki vle akonpanye w .
PHILIPPE(byen vag) : Depi lè w te vin mande m renmen an , m te mete w klè sou tout bagay .
BARBIE ZUZU A : Wi men w pa ka oze w ap di m ou pa pral ret chita yon sèl kote kòmsi m pral anbarase w .
PHILIPPE(se mennaj li , l ap eseye kalme l) : M pa t di sa pou fwase w amour .
BARBIE ZUZU A : Ou gen yon jwèt w ap jwe avè m Philippe , raple w m di w m pa ti restavèk ou a sèlman ...
PHILIPPE : Ou pa bezwen rive jis la bebe , vin chita sou mari w .
BARBIE ZUZU A(ap fè ti kapris) : M pa sou sa .
BARBIE ZUZU A : Mwen pa sou sa
PHILIPPE(fè ti zye l dou) : Fè m plezi a amou , Silteplè bb .
Sèvant lan pot manje pou Philippe , li pa di eskize paske l konnen zuzu a te la deja . Li tou pwofite de moman sa pou l bay sèvant lan cho , li chita sou Philippe sansyèlman pwi l pase lang li sou bouch li .
BARBIE ZUZU A : Ou konnen m pa ka reziste w baby .
PHILIPPE(souri) : Epi w t ap fè kapris ?
Sèvant lan pa okipe l menm , li jis met bagay yo la pwi l soti . L al sote sou jeran an k ap antre nan kwizin nan tou dousman .
SCĂNE 2 : SĂVANT LAN/JERAN AN
SĂVANT LAN(byen fò) : Ey ! Sa w pèdi la ?
JERAN AN(sote) : Oh ! Makomè .
SĂVANT LAN : M pa nan makomè avè w , frenk di m sa w pèdi nan kwizin nan .
JERAN AN(met yon dwèt sou bouch li tou piti) : Pa pale fò , pa pale fò .
SĂVANT LAN : Kòman pou m pa pale fò a ? Plas ou se deyò l ye .
JERAN AN(ap eseye sansibilize l) : Se kote w m t ap vini , padon .
SĂVANT LAN : Ebyen m okipe , kòmanse soti .
JERAN AN : Se yon bagay m te tande , m te vin rakonte w . M pa t vle pou patwon an wè m men w pouse do m .
SĂVANT LAN(enterese) : Di m non .
JERAN AN(fè kòmsi l prale) : M pa bezwen di w ankò , se deyò plas mwen ye .
SĂVANT LAN(kenbe l) : Pa fè sa konpè , se fason m wè w t ap pase antre tankou yon vòlè a ki fè m te kouri dèyè w la .
JERAN AN : Ebyen fè travay ou , m pral netwaye lakou a .
SĂVANT LAN(ensiste) : Gentan di m avan w ale .
JERAN AN(ap fè ti rezistans) : Ah ! Lè m fini .
SĂVANT LAN : Se bagay sa m rayi avè w la wi .
JERAN AN(lonje tèt li pou l wè si gen manje nan chodyè a toujou) : Si pou m di w w ap banm manje pa m .
Sèvant lan tèlman renmen zen , li aksepte .
SĂVANT LAN(ap drese manje a e pale anmenmtan) : Si w fin fè m ba w manje a w pa di m koze a , m ap nan kont avè w wi .
JERAN AN(distrè nan dèyè sèvant lan) : Ay Bondye ! Gadon moso vyann , m santi m ta pran l pou m ap moulen l , byen souse l jiskaske m fin tete mezi ti dlo nan kò l ...
SĂVANT LAN(gade l) : Ak ki moun w ap pale la ?
Jeran an tèlman distrè ni l pa tande si y ap pale avè l , dam nan fè yon bri nan tèt li .
JERAN AN(li desann sou tè) : Adjeee ! Pou kalte bagay sa m wè w pote a , ou kwè patwon an pa gentan fè yon bèl kout tèt ladan l ? Kilè w ap banm yon bagay menm ? M byen renmen ou .
SĂVANT LAN : Sa w pèmèt ou di a ? (Li rale yon bale) flanke w deyò !
JERAN AN : Men... men ... Ou poko banm manje a .
SĂVANT LAN : M pa p bay pyès manje ankò , mete w deyò.
Li pran kouri dèyè jeran an nan tout kwen kay la , Philippe tande bri a li soti vin gade sa k genyen .
SCĂNE 3 : PHILIPPE/SĂVANT LAN/JERAN AN
JERAN AN(ap tranble kou fèy bwa) : Pa ... pa gen anyen non patwon .
SĂVANT LAN(byen move) : Jis anndan kwizin nan msye antre pou l al derespekte m patwon .
PHILIPPE : Eksplike m byen .
SĂVANT LAN : Se pandan m fin pot manje a ba ou , m kwaze avè l k ap antre nan kwizin nan sou pwent pye . Li mande m ti manje m al drese l pou m ba li , kareman l di m o gwòsè bagay sa l wè m pote a si w pa gentan vin bay kout tèt ladan l .
JERAN AN(bege) : Se pa vre non patwon , se blag m t ap fè wi .
PHILIPPE(fache pou l mouri) : Konbyen fwa pou m di w se deyò m mete w travay ? Sa w pèdi anndan an jiskaske w vle antre nan pèsonalite m ? Ou bezwen manje se pou w tann yo pote l ba ou .
JERAN AN(met tèt li atè tou wont) : Se pa fòt mwen non patwon , se blag m t ap fè wi .
PHILIPPE(monte vwa l) : Kit se blag ou t ap fè ou non , se deyò m te ba w travay .
JERAN AN : Ebyen padone m patwon , sa pa p rive ankò .
PHILIPPE : Ou mèt kòmanse prepare w pou w ale , ou pa bezwen travay isi a ankò .
JERAN AN(met ajenou nan pye l) : Silteplè patwon , m pa p fè sa ankò . Si w revoke m kisa m pral manje ?
PHILIPPE : Se alèz ou te alèz , m pa bezwen w isi a ankò . Chache yon lòt kote .
San yon rega anplis , li vire antre .
SĂVANT LAN(gade jeran an ki blayi atè a ak de ran dlo nan zye l) : Wa kite soumoun !
Li vire ale . Jeran an ret kouche atè a ap kriye , kèk minit apre Philippe pot kòb travay li a ba l pou l ale . Barbie zuzu a al nwi sèvant lan nan kwizin nan .
SCĂNE 4 : BARBIE ZUZU A/SĂVANT LAN
BARBIE ZUZU A(gade l anba pou monte) : Dat w ap fè ti afè w avè l anba chal , w ap vin pran pòz ti sa l di a blese w ? Kòm si Philippe pa t ka ba w ti kout tèt la vre ?
SĂVANT LAN(vire gade l) : Pouki w pa veye afè w pito madanm ? Ou pa wè se travay mwen m ap fè la ?
Te gen yon twal chodyè nan men sèvant lan , li rale l .
BARBIE ZUZU A(ak mepri) : Ki travay posib ? Mwen m plis wè w sanble ak yon restavèk .
SĂVANT LAN(santi l agase) : Kòmsi restavèk yo pa moun tou yo menm ? Bon pito w te yon restavèk ou ta miyò !
BARBIE ZUZU A(pran ri byen fò) : Ey ! Ey ! A Ki moun w ap pale konsa ? Ou genlè pa konn si se mwen ki patwòn isi a ? Si w pa t konnen m di w sa , Philippe se fiyanse m ou dwe respekte m .
SĂVANT LAN : Depi m konnen m pa p travay avè w , pa gen okenn lòd ou m pral obeyi .
BARBIE ZUZU A : Ebyen w ap gentan konnen ! Ou genlè panse m pa ka fè yo revoke w menm jan w fè yo revoke jeran an tou ?
SĂVANT LAN : Plen lòt kote ki bezwen yon bon sèvant tankou m , se pa sèl la ki genyen kòm kote pou m travay .
BARBIE ZUZU A : A bon ? Dakò , m pral montre w sa m peze !
Li voye twal chodyè a nan figi dam nan epi l vire ale byen move .
SĂVANT LAN : Sa pa ka fè m mache .
Li kontinye fè sa l t ap fè a byen trankil , Barbie zuzu a al pote Philippe plent .
PHILIPPE(wè l ap vini byen move) : Sa w genyen w fache konsa baby ?
SCĂNE 5 : BARBIE ZUZU A/PHILIPPE
BARBIE ZUZU A : Epa sèvant ou an ki sot derespekte m la ?
BARBIE ZUZU A(lage kò l sou kanape a tankou yon lourdeau) : M t al chèche fè l wè rezon pou jeran an l fè w revoke a , fi a pa menm tann mwen fin pale li voye m anlè l pa atrap mwen .
PHILIPPE : Kòman l voye w anlè l pa atrap ou a ?
BARBIE ZUZU A : M jis di l li te sipoze padone jeran an olye l te fè w revoke l , se rete m rete m wè fi a monte sou mwen nenpòt kòman . Li menm joure m restavèk , m sezi wi .
PHILIPPE : Pou premye fwa nan vi m , m pa kwè nan sa w di a .
BARBIE ZUZU A : Kòman w pa kwè m nan Philippe ? Epa mennaj ou m ye ? Pouki pou m ap ba w manti la ?
PHILIPPE : Ebyen kisa w vle m fè ?
BARBIE ZUZU A : Pou w pale avè l pou mwen pou l banm respè m sinon ...
BARBIE ZUZU A : Sinon w ap revoke l papi .
PHILIPPE(santi l pèdi) : Fò m reflechi avan bb , m pa ka kouri revoke l konsa .
BARBIE ZUZU A : Men si se jeran an , ou ta kouri revoke l pa vre ? Tout lide m di m ou nan yon bagay avè l vre .
PHILIPPE : Pouki w gentan ap doute la ? M pa jan de moun ou panse a .
BARBIE ZUZU A : Ou pa t ap janm di wi , m konn sa .
PHILIPPE(ap eseye konvenk li) : M pa ka kouri revoke sèvant lan konsa , ou byen konnen byen se li k fè tout bagay la . Si m revoke l , kimoun ki pral fè manje ?
BARBIE ZUZU A : M pa di w pou w kouri revoke l , m di w pou w fè l banm respè m sinon w ap revoke l pou w pran yon lòt sèvant .
PHILIPPE : M ap pale sou sa avè l pita ...
BARBIE ZUZU A(replike byen rapid) : M pa nan pita , si w pa ka fè sa kounya n ap tou kite Philippe !