Mwen kadanse anmouvman lib. Pale pawòl eksperyans, entansyon, angajman, kouraj, lanmou ak lajwa w. Pataje vèvèy/ viktwa/ defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, kadanse w pou lavi...
Mwen kadanse. Mwen se mouvman lib. Mwen fè kò ak legzistans anmouvman lib.
Nou se lajwa fondamental rit vital nou anmouvman lib.
« Mache, epi chemen va louvri. » ~ Pwovèb Zen | « Tout bagay kòmanse ak yon entansyon.» ~ Tilarenn Solèy
Eksperyans, entansyon, angajman, kouraj, lanmou ak lajwa nou pataje ak anpil respè, nouri pwòp tèt nou, lakou lakay nou epi lakou tout moun.
Pataje vèvèy/ viktwa/ defi prezans total ou pou konkèt tèt ou, defi kadanse esans ou...
Paske nou tout vle LANMOU, EKILIB ak AMONI pou tout tan. Kidonk annou pataje. Annou kreye enèji bèl tèt ansanm k ap vin yon kokenn fòs (egregò) lanmou, respè, kouraj, ekilib ak amoni.
*egregò: Yon egregò fèt ak kouran yon lide ki menmen pwisans tèt ansanm. Lè anpil moun reyini nan yon bi komen ak menm konsyans, menm entansite, yo kreye epi yo devlope pwisans enèji komen sa a.
Imajine...
° Pwisans enèji komen lanmou, respè, kouraj, ekilib ak amoni k ap mete kaba kèlkeswa fòm tout laperèz...
° Pwisans enèji komen lanmou, respè, kouraj, ekilib ak amoni k ap mete kaba move mès fè lagè tout kote, tout jan...
° Pwisans enèji komen lanmou, respè, kouraj, ekilib ak amoni k ap voye monte san rete mèvèy vèvèy revolisyon...
Tout bagay kòmanse ak yon entansyon.
« Entansyon m se swiv angajman inevitab depi tout tan pou kreye anviwònman endividyèl epi kolektif ki djanm ak lanmou, respè, kouraj, ekilib epi amoni konsyans gadyen kadanse lawonn sakre nou pou tout jenerasyon nou leve lib alawonnbadè.» ~ Tilarenn Solèy












