09.25.2024 Jounal:
Si ou santi yon emosyon trè mal, kisa ou fè? M te santi pafwa m pa rete na mond la lontan. M vle rete men panse m yo se trè triste. M pa gen fanmi, zanmi yo, oubyen mennaj à pale ave yo chak jou. M fache tou paske lè m te soti lakay fanmi m, m te gen yon rèv gwo - yon rèv ki m gen lajan sufi e espesyalman mantal/sèvo m se kontan paske m pa tap batay avèk yon vi ki vle m chita anba anpil chay li mete sou do m.
M rayi panse yo m gen konya. Panse sa yo sanble m ap âgive up.â Konsa m echwe na lavi m. M rayi sa anpil. Men m toujou gen rèv yo. M konnen nan fiti m, m gen lajan sufi, fanmi m pat sufri ankò, m gen anpil opotinitè travavy, epi plis bagay m pa ka mete sou tèt m. Se jis konya m pa gen fòs pou batay panse ki mete kontantman m anba fènwa.













