Repòtaj Vandredi 20 Fevriye
Delmondo Charlemagne
Nou sou Channmas nan espas kote aksidan an te fèt la, kote plis pase 18 moun mouri nan 2èm jou kanaval la.
Chak minit ki pase, pwòch, zanmi moun ki tonbe yo defile sou sit dram lan, Sikilasyon an bloke nan kwen sa.
Chak moun ki vin sou lye trajedi a, make prezans yo nan fason pa yo. Genyen ki limen bouji, fè devosyon.
Otorite lapolis yo mete yon patwouy fiks toupre a epi boukle perimèt la. Anpil obsèvatè ki kanpe bò Channmas la kontinye ap opine sou sikonstans dram sa. Chak moun gen pozisyon pa yo, gen yon gwoup ki kwè sak rive a gen pou wè ak Mistik, alòske yon lòt gwoup di se yon aksidan.
Gwoup ki plis kwè se aksidan an, pa met dlo nan bouch yo pou kritike otorite yo ki daprè yo pat prevwa fil kouran yo ta pral fè dega paske yo twò ba.
Delmondo charlemagne/LP Pòtoprens
Repòtaj jodia sou Channmas nan zòn aksidan an Repòtaj Vandredi 20 Fevriye Delmondo Charlemagne Nou sou Channmas nan espas kote aksidan an te fèt la, kote plis pase 18 moun mouri nan 2èm jou kanaval la.
















